Espwa Mwen

Wiliadel Denervil

Compositor: Não Disponível

Si tout limyè etenn sou chimen m ap mache
Si pòt ap fèmen kote m bezwen rantre
Si chak nouvèl mwen pran dlo koule nan je m
Espwa m se nan Bondye

Anyen Anyen pap souke lafwa m
Mwen apiye sou sa pawol Bondye m nan di
Pwoblèm jodi se pou on ti tan
Espwa m nan li pou tout tan

Menm lè m nan gro soufrans
Touprè lanmò san pyès zanmi
Ni pyès fanmi
M konnen lavi genyen plizyè sezon
Aprè lapenn na souri
Sevre chaje pwoblèm poum ta plenyen
Pito m konte sou sa m genyen
M genyen Jezi pi bon zanmi m
Espwa mwen se nan li

Anyen Anyen pap souke lafwa m
Mwen apiye sou sa pawol Bondye m nan di
Pwoblèm jodi se pou on ti tan
Espwa m nan li pou tout tan

M pa konn detrès
M pa konn doulè w
M pa konn tray ou
M pa konn feblès
M pa konn tout kè w
M pa konn chay ou
Jezi konn bay on ti montay
2 3 ti fay pou w pa peri
Dèfwa yon desepsyon son èpòt
Pou glwa Bondye ateri
Si pwoblèm vle fè ekran devan w souri
Si w vle Jezi Kris viv andedan w mouri
Depi w plede doute se swa w mouri
Se swa w fou
Sa w nouri se fòs ou
Lè w nan plan Bondye menm pen sèch ka pase swaf ou
Nenpòt epòk lap pete pòt
Fòk ou pran lòt metòd tou
Li mete 3 glòk bò kòt poul boykòt
Tout kòlpòtè k vle stop ou
Dye ki la jodi a
Se li k te la yè
An nou klè di dyab ouvri pòt
Men Dye louvri baryè
Lè delij lan Dye te chita
Poutan lè m kriye l kanpe
Epa antere w antere my friend
Se plante ou plante
Epa pwoblèm lan k pou chanje
Men l la pou chanje w m trè serye
Lè Bondye pran sa w pat atann
Lap ba w sa w pat espere

Kenbe frè m
(Ou pa gen chwa zanmi)
Menm lè wout la glise
(Se rete rèd)
Sè m kenbe fè m
(Kenbe lafwa fanmi)
Bondye pa bliye w
(Ou pa ka lèd)
Pwomès Bondye son woche pou w apiye
Non non non fò w pa fè bak avèk Jezi gen espwa

Anyen Anyen pap souke lafwa m
Mwen apiye sou sa pawol Bondye m nan di
Pwoblèm jodi se pou on ti tan
Espwa m nan li pou tout tan

Ou pa fè bak frè sa son elan pouw fè enpak

Anyen Anyen pap souke lafwa m
Mwen apiye sou sa pawol Bondye m nan di
Pwoblem jodi se pou on ti tan
Espwa m nan li pou tout tan

©2003- 2024 lyrics.com.br · Aviso Legal · Política de Privacidade · Fale Conosco desenvolvido por Studio Sol Comunicação Digital